
Rezevwa Zouti Kreyol
Posts by Rezevwa Zouti Kreyol:






Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an
Nan Lane 2015, Jockey Berde Fedexy, yon Lengwis kak viv nan pedi Kanada, fè sòti yon Gramè deskriptif sou lang kreyòl ayisyen an.
Se yon zouti tout moun ki ap reflechi sou ansèyman, deskripsyon ak analiz kreyòl ayisyen an dwe posede. Li ap itil tou nan domèn ansèyman kreyòl la an jeneral.
Liv pou aprann lang kreyòl la
Liv pou aprann lang kreyòl la (dapre lane piblikasyon yo)
– Jude Pyrame, Outil du créole et du français, zouti pou kreyòl ak franse, imprimerie S.E. Wilson, Québec
– Roger Savain, Dis pa nan lang Ayisyen an
– Gérard Desnoyers Montes, La langue créole d’Haiti (Grammaire), Editions SORHICA, MOntréal, Québec, 2001
– Maude Heurtelou, Féquière Vilsaint, Guide to learning haitian Creole, 2004
–Gérard Marie Tardieu, Le Creole Rapide, kopivit – L’action sociale, 2010
Jwenn plis nan adrès sa a…
Liv Timtim Bwa chèch la an vant
Jounalis Lyonèl Desmarattes ki deja sòti plizyè liv an kreyòl, fèk sòti yon dènye liv ki rele Timtim bwa chèch.
Akademi Kreyòl
Nan peyi Dayiti, Komite pou Akademi Kreyòl la met sou pye on seri aktivite pou valorize lang kreyòl la e sitou sansibilize popilason an sou enpotans pou l enterese li liv ki piblye an kreyòl, nan dat 15 ak 16 oktòb ki pase a. Nan kad aktivite sa a komite a te òganize yon konferans-deba avek kòm tèm : ” Istwa lang kreyòl ak Akademi kreyòl la”.
LWA AKADEMI KREYOL NAN “LE MONITEUR“
Koute yon rale sou akademi kreyòl la avèk profesè Claude Pierre: